Okay: militan opozisyon yo proteste kont ensekirite

329

Kay___(TRiboLAND) Yon latriye militan opozisyon an òganize jodi lendi 6 jwiyè 2020 an yon sit-in protestasyon kont ensekirite nan “Kafou 4 Chemen”, nan Okay, depatman Sid peyi a.

Militan sa yo ki te yon bon valè, te genyen pankat tout kalite ki tap denonse jesyon kè plen administrasyon prezidan Jovenel Moise la ki pa menm nan nivo “Jadin des enfants”. Nan divès pankat sa yo moun te kapab li: aba imoralite, kote kòb kowonaviris la, kote te kòb 10 lise yo.

Slogan sa yo ke pouvwa a petèt pa ka dijere, tradwi  revandikasyon pwotestatè yo ki mande Jovenel (Papa mantè) ki sa li fè avèk lajan 10 lise li te promèt ke li t’ap pral konstwi avèk fon palman an ki te disponib aprè disfonksyonnman li.

Nap raple, kontrèman ak sit-in ki fèt devan ministè Jistis la maten an nan kapital la, sit-in opozisyon an nan “Kafou 4 Chemen”, pap sibi britalite polisyè ou pètibasyon ki anpeche manifestan yo reklame dwa yo, daprè yon korespondan benevòl rapòte TRiboLAND.

Comments are closed.