Gwo dife kreye van panik nan vil Fòlibète, plizyè kay boule ra pye sòl

12/06/2025
Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dife eklate nan vil Fòlibète, nan zòn Difou, jounen samdi 6 desanm 2025 lan; sa lakoz plizyè kay tounen sann ak anpil fanmi pèdi tout sa yo te posede. Premye enfòmasyon yo fè konnen dife a ta sòti nan yon kay kote yo ta stoke gaz pou vann, yon pratik ki trè danjere e ki toujou menase sekirite popilasyon an.
Daprè temwayaj plizyè moun ki te sou plas, kantite gaz yo te oblije dife a tap pwopaje pi rapid nan plizyè kay. Tout sa, se avèk konplisite van ki t ap soufle nan moman an ki te okazyone flanm yo tap kandale e gaye nan lòt kay ki te pre zòn nan.
Plizyè timoun ki te nan katye a ta boule gravman pandan yo t’ap eseye chape poul yo, dapre sa temwen yo rakonte. Pou kounya, yo deja transpòte viktim yo nan lopital kote y ap resevwa swen entansif pou boule yo sibi.
Ensekirite estriktirèl nan Fòlibète kontinye montre tèt li atravè pratik danjere tankou depo gaz toupre kay moun yo, yon sitiyasyon otorite yo te gentan alète sou li deja. Pandan kominote a ap konte pèt, anpil sitwayen mande pou gen kontwòl strik sou vann ak depo gaz nan zòn rezidansyèl yo pou evite lòt trajedi parèy.






