Plizyè dizèn galon ak dwoum gaz sezi nan komin Senlwidinò.

949

03 -15 -2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Plizyè dizèn galon ak dwoum gaz sezi nan men machann ki sot Pòdepè pou achte gaz la bon mache nan komin Senlwidinò pou al fè mache nwa nan vil Pòdepè.

Yon pratik ki toujou kreye diskisyon ant chofè, pasajè ak pwopriyetè machin ak motosiklèt yo. Machann yo ki gen abitid bwote tout gaz ki nan ponp Senlwi pou al konfiske lakay yo pou fè mache nwa, te gen gwo difikilte fas ak desizyon otorite kominal yo, ki genyen pou objektif pou pwoteje popilasyon an kap monte yon syèl pado nan peyi a.

Pou responsab yo, pèp la paka sibi plis pase jan l ye la a ankò. Galon gaz la deja ap vann 1500 goud sou mache a, se tipèp souvren an kap peye tout konsekans yo.

Comments are closed.