Depatman Nòdwès : Enstalasyon yon nouvo Direktè Polis

2,904

04/15/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Anba supèvizyon Se IG Joany Canèus, yon nouvo dirèktè tou nèf ki pote non Jean Bruce Myrtil enstale jedi 14 avril 2022 a nan depatman Nòdwès la anprezans yon latriye otorite tout koulè tankou: PNH, Lajistis, Laprès, Sosyete Sivil e zanmi.

Myrtil ki te jwen benediksyon yon parèy pòs, soti nan Sant peyi a e transfere Pòdpè pou ranplase Daniel Compère ki transfere nan Sid peyi a aprè sakad popilè ki te arive bwile yon avyon sou pis aterisaj ayewopò Antoine Simon an nan Okay.

Nan entèvansyon Se IG Joany Canèus nan okazyon an, li evalye nesesite pou genyen bon jan sekirite nan pwemye evalyasyon pasyèl yo. Canèus plede pou genyen yon bon kolaborasyon grese sere ant antite Lajistis, polisye, media, popilasyon an ak DDNO/NO a yon fason pou plan estratejik sekirite a kapab ateri nan Nòdwès.

Pou mèt afè a ki se Direktè Jean Bruce Myrtil, li konfime ke se travay li vini pou travay ak popilasyon Nòdwès la. Rezilta li espere bay yo ap gen pou wè avèk kolaborasyon franch ak tout enstans konsène; kidonk, mache ale nan biwo yo yon fason pou boske kolaborasyon iminan an ki esansyèl pou plan estratejik pou konbat kriminèl yo ak ensekirite a, daprè Myrtil ki tap depoze.

Komisè Gouvènman a.i Pakè Pòdpè a, Mèt Michelet Virgile te fè egalman ti bat bouch tou nan okazyon an. Me Virgile swete DDNO a byenvini e soulinye pwoblèm ensekirite a nan depatman Nòdwès la kap bay lawouli, sitou nan zòn Sen Lwi Dinò, sou wout Basen Ble a, latòti e ba Nòwès, yo tout enfekte avèk mouvman gang. Nan vil Pòdpè se men nan machwè; depi li fè 9è nan aswè moun pa ka sikile.

Se ajan Nòdwès yo ki toujou angaje nan konba avèk selil gang yo nan Gromòn. Komisè a attire atansyon IG Joany Canèus sou inaksyon polisye Atibonit yo e solisite angajman yo anplis nan yon parèy demach ki se batay ak group gang kap opere nan 6èm seksyon Chamwàz ak 5èm seksyon Pandi ki genyen gro ramifikasyon ak sa kap pase nan Sen Lwi Dinò ki ta dwe pwiyorite nou nan kad sekirite ke nap chèche a, daprè Mèt Virgile. Konsa, Komisè a reyitere volonte, kolaborasyon li ak disponiblite li 24 sou 24 yon fason pou arive delivre depatman an anba gang sangwen.

Batonye òd Avoka yo, nan Bawo Pòdpè a, Mèt Dumesle te avanse sou menm liyn ak Komisè gouvènman an, men li ale pi plwen pou soulinye ke te genyen yon epòk lapolis tap kòde alòske Pakè a tap dekòde an chalkalis ak mèt dàm. Mèt Dumesle di li swete Komisè a.i a pa franchi yon parèy wout e li swete DDNO a bon travay egalman.

Pwoblèm ensekirite a nan depatman Nòdwès ap vale teren. Anpil moun swete wè genyen yon bon sinèji ki degaje nan mitan tout antite kap touche lajan taks popilasyon an echanj pou sekirite ki pa pou jodia.

Comments are closed.