Kolektif sitwayen angaje pou pwogrè dayiti nan Tigwav, nan tèt kole ak òganizasyon sitwayen angaje pou yon lòt Ayiti, fikse pozisyon yo sou sitiyasyon ensekirite ak kriz sosyo politik ak ekonomik la.

839

03 -13 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kolektif sitwayen angaje pou pwogrè Dayiti, nan tèt kole ak òganizasyon sitwayen angaje pou yon lòt Ayiti, nan yon konferans pou laprès jodi mèkredi 13 mas 2024 la, ozanviowon 2 zè pm, nan Otèl Fòwayal Tigwav, fikse pozisyon yo sou sitiyasyon ensekirite galopant ki genyen nan peyi a, san konte kriz sosyo politik ak ekonomik la kap fini ak sosyete ayisyènn nan.

Ansanm òganizasyon sa yo, deklare yo pa nan lòbèy Karikòm nan, yo pa nan kò gwoup, fòk kat la rebat, yo mande kò gwoup pou bay ayisyen yo yon chans pou rezoud pwoblèm ayisyen ant ayisyen, pandan yo pa ekate solidarite entènasyonal la.

Responsab òganizasyon yo, mande tout pèp ayisyen an, tout patriyòt pou mete tèt yo ansanm pou jwen yon solisyon nan divès pwoblèm kap depafini nasyon ayisyèn nan depi yon bon bout tan.

Nan sans sa a, òganizasyon sa yo esplike, Tigwav se yon vil revolisyonè, se yon vil ki bay anpil bèl entèlektyèl pami yo ansyen jounalis Lilianne Pierre Paul, Dany Laferiière, Hubert Deroncerey, Edly Noèl leader Papouch, sitwayen angaje yo, mande pou tout òganizasyon fanm, peyizan yo, pou yo patisipe ak tout fòs yo nan kad batay kap fèt pou libere peyi a anba grif kolon.

Comments are closed.