Nerat Ilderice minis relijye sektè Vodou an, chita pale ak divès sektè yo sou pwoblèm vyolans sou vodouyizan yo nan Grandans

941

03 -13 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Pou chache vrè pwoblèm ki lakoz moun ap mouri , vyolans avèg sou fòm Bwakale ap fet sou manm sektè Vodou an nan Jeremi, Grandans, Gwètode Nerat Ilderice minis relijye Vodou Ayisyen pale ak plizyè sèktè. Li te akonpanye repwezantan Vodou an nan Grandans, manbo Rosemène Pierre, kote yo fè lapawoli mache e bat bouch ak diferan sektè nan sosyete a, pami yo delege depatmantal Grandans lan Paulemont Michel, direktè depatmantal sante a, doktè Angello Duvelson.

Objektif yon parèy chita tande, se te pou sinyale yon pakèt vye konsepsyon erone sou vodouyizan yo ki pa sispann viktim anba yon seri akizasyon malfektè ki pa kanpe sou anyen.

Alatè Vodou a nan Grandans, mande responsab yo, voye analize nan laboratwa nasyonal, kadav yonn nan moun ki mouri ak sentom dyare, vomisman, vant fèmal. Konsa, laverite ap fini blayi sou limyè pou konen eske se vrèman yon pwoblèm mistik. Konsa, nap kapab anpeche moun nan sosyete a fè vyolans sou manm inosan sektè Vodou an, nan Jeremi, Grandans.



Comments are closed.