Machin Tribinal Premyè Enstans jiridiksyon Nòdwès la anpàn jij denstriksyon.

01 – 22 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Manda jij denstriksyon yo nan jiridiksyon Nòdwès la di adjokaya. Sou yon anviwon 8 jij de syèj kote majorite nan yo se te jij denstriksyon ki tap koupe rache, sèlman 2 nan yo ki ta sipoze rete akòz manda 6 nan yo deja bwè lwil.
Pami jij denstriksyon sa yo nou kapab site dwayen tribinal premyè enstans lan, mèt Mara Jean Edouard, Fresnel Durosier, Attsim Garçon, poun site sa yo sèlman, san konte jij denstriksyon fanm nan, Maude ki dapwè enfòmasyon yo deja transfrere nan jiridiksyon Ench.
Ensidan regretab sa a pral paralize aktivite tribinal yo ki te deja prèske pat konn reyini. Sa ki lakòz plizyè avoka ak kèk manm nan depatman Nòdwès la deja pare pou rele chalbari dèyè do yo, non sèlman paske yo pat konn bay popilasyon an bon sèvis, men tou, pou tèt yo te konn enplike nan zak malonèt ak pase dwa moun anba pye.
Nap raple, genyen sèlman 2 jij de syèj ki rete nan jiridiksyon Nòdwès la ki se: jij Johny ak jij Andal.






