Claude Joseph kalifye konpòtman Luis Abinader anvè Ayiti kòm provokatris

1,131

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon tweet ke li fè vandredi 30 septanm 2022 a, ansyen chanselye ayisyen an Claude Joseph akize dènye konpòtman prezidan dominiken an, Luis Abinader ak tout lame dominikèn an kòm yon zak provokatè lè yo deside mete tanks ak paweze elikoptè sou lizyè Ayiti ak Dominikani.

Pou Claude Joseph, dènye konpòtman chèf deta dominiken an, demaske tout mannèv ak trik ipokrit karesan ki te kache nan konpòtman SOS Abinader sou tout tribin òganizasyon entènasyonal yo fas ak kriz peyi Dayiti a.

“Prezidan Luis Abinader ak lame dominikèn lan adopte yon konpòtman provokatè gro bibit anvè Ayiti nan dènye jou sa yo. Nou te konnen byen gen yon ajanda kachkach luben dèyè atitid alamis @luiasbinader sou kesyon Ayiti a devan kominote entènasyonal la. Pèp ayisyen an n rete veyatif”, daprè ansyen minis Afè Lòt Bò Dlo peyi Dayiti a ki sispan kase mete nan men Luis Abinader.

Comments are closed.