Direktris Sant Teknik Fòmasyon pwofesyonèl ki nan komin Tigwav, Madam Marthe Noël Josselin ran’n prizonye yo yon vizit nan gran prizon sivil la.

05 – 31 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktris Noël, Sant Teknik Fòmasyon Pwofesyonèl (NSTFP) madam Marthe Noël Josselin ak ekip li, ran’n prizonye yo yon vizit nan gran prizon sivil Tigwav la, maten vandredi 31 me 2024 la.
Selon direktris NSTFP la, vizit sila, reyalize nan lide pou’l pote pwòp kontribisyon lamanjay pa li bay prizonye yo ki anba gwo grangou klowòks depi plizyè semèn. Madam Noël ki di, li tande kri otorite yo, li jwe wòl sitwayèn pa li, pandan l fè konnen, jès sa a, li fè a, pa genyen pouwè ak meri Tigwav la, se sitwayèn nan, se direktris enstitisyon an NSTFP la, ki aji nan sa ki nan posiblite li.
Yon lòt kote, madam Marthe Noël Josselin, fè konnen, genyen yon gwo van divizyon kap soufle nan mitan katèl meri Tigwav la, li dklare, genyen yon mwa depi ni limenm, ni Paulmy Mascary, se 2 mè asesè ki pa mete pwent pye yo nan meri a, akòz yo estime majistra enterimè prensipal la, Bernard Subrème pa bayo oken enpòtans. Li konpòte li an sipè chèf ki daprè Marthe Noël, se majistra Bèrtrand ki fè tout bagay, se limenm ki ranplase 2 mè asesè yo, se limenm ki direktè, kontab, enjenyè, fiskalis elatriye….
Toutfwa, Madam Noël Marthe Josselin, deklare li pap siyen rapò 10 milyon goud ministè enteryè ak kolektivite tètoryal te bayo nan mwa desanm 2023 pase a, pou divès rezon majè.






