Senlwidinò: Polis minisipal yo mete anba kòd Frandlèt Dieugiste, yon prezime bandi sangwen.

736

03 – 13 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Ajan polis minisipal yo, nan komin Senlwidinò mete anba kòd Frandlet Dieujuste yon prezime bandi yo akize kòm moun ki devaste kay ak jaden Vaneck ak Kesner Norbreus sou bitasyon Benjamen, 4èm seksyon Rivyèba.

Mesye sa ki toujou poze move aksyon nan mitan popilasyon 4èm seksyon an, jwenn arestasyon li jounen madi ki te 12 mas 2024 la. Pou koulya, Frandlet Dieugiste ap reflechi nan komisarya Senlwidinò a.

Comments are closed.