Asyen majistra asesè komin Tigwav la, Delor Desgranges apiye 100% operasyon mouvman “Bwa Kale” pou eradike bandi yo.

1,162

05-21-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen majistra komin Tigwav la, Delor Desgranges nan yon antrevi ak TRIboLAND jounen samdi 20 me 2023 a, deklare li 100% apiye pwagram “Bwa Kale” a ke pèp la mete sou pye yon fason pou rive eradike bandi sangwen, kriminèl yo kap teworize popilasyon ayisyèn nan depi yon bon bout tan.

Daprè ansyen mè asesè a, mouvman “BK” a, se yon bon grenn zouti pèp la bay tèt li pou eradike fenomèn ensekirite ak zak kidnapping yo kap fini ak sosyete ayisyèn’n nan.

Sa fè lontan pèp ayisyen an, tap chache yon bon zouti pou defann tèt yo anba men bandi yo kap dekapitalize yo epi simen dèy nan mitan popilasyon an, selon politisyen Delor Desgranges ki tap depoze nan mikwo TRiboLAND.

Toutfwa, ansyen majistra komin Tigwav la, ankouraje pèp ayisyen an, pou toujou kolabore ak lapolis ak bèl zouti sila ke yo bay tèt yo pou dechouke rezo bandi sangwen sanfwa ni lwa nan tout peyi a, espesyalman nan divès zòn metwpolitèn Pòtoprens ak nan Latibonit. Li estime ke pwogram “BK” a ap mache trè trè byen, li pa genyen anyen pou li ta repwoche’l!



Comments are closed.