Ansyen komisè gouvènman pakè Pòdpè a, di li prè pou li retounen nan selil Penitansye Nasyonal malgre ke bagay yo pat kòdjòm.

861

03 – 12 – 2024


Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rekèt ansyen komisè gouvènman pakè Pòdpè a, Mèt Michelet Virgile, adrese nan tèt kole ak avoka li yo ak la Kou Dapèl nan Pòtoprens, li fè konnen li prè pou li retounen kote li te ye a, tout fwa lòd ak lapè ta ka retounen blayi nan peyi a.

Avanse yon latriye enstriman jiridik rejyonal ak entènasyonal ki ba li dwa pou l pwoteje vi li kòm detni nan envazon 2 mas pase a, ansyen komisè a ki prezante tèt li kòm komisè gouvènman fè konnen, nèg politik nan peyi sit bay yon prizon dèyè do lalwa.

Kwè nan Manman lwa peyi a, kwè nan tèt li kòm komisè epi avoka anpeche, pou Michelet Virgile, li te oblije pwoteje tèt li nan moman evazyon an, tout fwa l ap mete l disponib, malgre sityasyon penitansye a malouk, lap retounen lè Leta ayisyen retabli lòd andedan peyi a.

Comments are closed.