Yon moun mouri, plizyè lòt blese grav nan kad mouvman leve kanpe nan vil Tigwav.

48

09-13-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ediardy Cedrick Joseph aje 31 lane, se non yon jèn gason ki mouri apwèmidi 13 sektanm 2023 a, nan kad mouvman leve kanpe kap fèt pou egzije demisyon premye minis defakto Ariel Henry nan tèt primati a.

Selon pwòch viktim nan, aksyon sa a pase nan moman leve kanpe kap fèt depi plizyè jou pou bat tenèb dèyè Chèf gouvènman defakto Ariel Henry a, ki trennen peyi a ak pèp ayisyen nan labou piplis.


Pwotestatè yo te pwofite okazyon an tou, pou denonse lapolis yo di ki debake ak fraka, maspinen timoun tankou granmoun ak kout baton, kout zam, gaz lakrimojèn epi kraze kay yo e menm pote ale tout sa yo jwen sou pasaj yo.

Nap siyale, pa genyen jij Depè ki rive fè konsta legal kadav la, akoz pwotestatè yo pa bay chans. Kidonk, kò viktim Ediardy Cedrick Joseph, ta sanble leve san konsta.

Nap fè konnen, genyen 7 moun ki blese gravman grav epi 7 lòt jwen arestasyon yo nan mouvman leve kanpe sila a.

Comments are closed.