OPC deklare ke li gen gwo kè sere sou sa kap pase nan pwizon yo

352

Pòtopwens____(TRiboLAND) Office Protection du Citoyen, òganism leta kap defann e kap fè pwomosyon dwa moun, deklare ke li gen gwo kè sote sou sitiyasyon pwizon nan peyi nan moman pandemi kovid-19 la.

Atravè yon rapò ke li pibliye jedi a, OPC espwime dout li genyen sou kalite fyèv sa ki ta okazyone lanmò plizyè pwizonye. Konsa, yo chita sou dènye deklarasyon direktè ministè sante piblik la Doktè Lauré Adrien lòske li te fè konprann “ke pa genyen oken lòt epidemi fyèv sinon ke kowonaviris ki nan peyi Dayiti”. Se konsa, avèk yon tèl deklarasyon, OPC di li gen gwo kè kase sitou avèk enfòmasyon ki pa sispann fè buzz sou divès ka kontaminasyon anndan penitansye nasyonal.

OPC ankouraje chèf gouvènman an, Jouthe Joseph pou mete sou pye yon komisyon meli melo san pèdi tan ki kapab travay sou gwo pwoblèm katcha boumbe ke pwizon yo ak gadavu ap travèse.

Mesye Renan Hédouville ki tap pale onon OPC, deklare ke se yon dout ki bay anpil laperèz lakay pwizonye yo e ansanm ak fanmiy yo tou.

Comments are closed.