Vil Lenbe ap naje sou dlo

2,298

03/05/2022

Lenbe_____(TRiboLAND) Lanwit ki te 4 mas pou rive 5 mas 2022 a, vil Lenbe ki se dezyèm vil nan depatman Nò peyi Dayiti konnen move moman anba gwo aktivite dlo desann selon medya lokal yo.

Tankou sèvis metewolojik yo te deja prevwà, lapli achte rejyon Nò a lajan kontan, patikilyèman vil Lenbe ki trouve li ap naje nan dlo swit ak gwo dezagreman lapli tòransyèl ki pa sispann tonbe e ki ajoute nan kotidyen mizèrere popilasyon an. Plizyè lokalite tankou Foro, Kalbasye, Tamase ak Woleve inonde e yap mande najè.

Sepandan, oken kominike etatik pa fè eta de kantite dega yon parèy entanperi lakoz, ni pa genyen siyn bò kote pwoteksyon sivil ki pou ta evalye domaj ak mizère popilasyon an.

Comments are closed.