Lajistis transfere Badio, pwezime asasen pwezidan Jovenel Moise la, nan Penitansye Nasyonal

821

10-25-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Apwè yon latriye bwas, ankèt ak seyans entèwogatwa, lajistis ayisyèn transfere Joseph Félix Badio nan sant kaseral “Penitansye Nasyonal”, nan kapital la, Pòtopwens.

Depi apwè arestasyon espektakilè Badio, ke yo ta konsidere kòm papa sèvo zak asasina pwezidan Jovenel Moise la, te anba gwo seyans odisyon devan majistra enstriktè kap kondwi dosye a, Walter Wesser Voltaire.

Antouka, kèk sous ta vle fè konprann ke Badio pale plis ke sa otorite lajistis yo tap chèche; konsa, anpil annafè ta sanble pa genyen dòmi nan je ak tranchman vant.

Nap raple, sa genyen 7 jou depi ke lapolis te fouke Badio nan komin Petyonvil.

Comments are closed.