Ariel Henry: PM ayisyen an demisyone kèk jou aprè li finn sinyen yon lòbèy sekirite avèk Kenya

1,072

03 – 12 – 2024

Georgetown, Giyana_____(TRiboLAND) dirijan ayisyen an, Ariel Henry demisione aprè plizyè semn vyolans ki tap manniganse anba lobedyans gang yo nan kapital la, Pòtopwens.

Kraze kite sa Ariel la, kòm swadizan Pwezidan e PM annatandan an, ta sanble epanye peyi Dayiti pou li pa efondre. Youn pami konseye Ariel yo, Jean Junior Joseph, konfime demisyon lidè dezòd enkilpe a sou youn nan gwo chènn televizyon amerikèn CNN. Li soulinye ke lap rete nan wòl li jiskaske genyen yon fòmasyon yon nouvo gouvènman pwovizwa.

Demisyon Ariel Henry a, te deja ap klewonnen nan bouch lidè Giyana a Irfaan Ali, se prezidan aktyèl Kominote Karayib Mache Komen (KARIKOM) an nan moman yon konferans pou lapwès jounen lendi 11 mas 2024 la. Konsa, nan konferans pou lapwès sila, anpil lòt lidè karibeyen te akonpanye Ali, ki ta pral deklare ke Henry pral genyen pou bay demisyon li aprè nominasyon yon nouvo premye minis annatandan.

“O nou trè rekonesan anvè li pou yon parèy demisyon aprè kreyasyon yon konsèy pwezidensyèl tranzisyon ak nominasyon yon Premye minis pou yon tibout tan”, daprè sa Ali deklare, pandan li tap remèsye Ariel Henry e di li “Ce n’est qu’un au revoir”!

Pou dirijan KARIKOM yo, manda pwensipal gouvènman tranzisyon an ap genyen pou li ta travay sou faz eleksyon pou yon tranzisyon pasifik.

“Nou kontan pou nou anonse angajman nou fas ak yon akò gouvènman tranzisyon ki pral ouvri baryè pou yon tranzisyon pasifik tèt frèt, pou kontinyite gouvènans ak pou yon plan aksyon sekiritè pou yon tibout tan nan vanse sou wout eleksyon lib e onèt. Konsa, yo swete wè se lalwa ak dwà ki pwime nan peyi Dayiti”, dapwè kominike KARIKOM nan.

Comments are closed.