Masiv evazyon nan prizon sivil Kwà Dèboukè

216

02/25/21

Kwà Dèboukè______(TRiboLAND) Yon masiv gwoup prizonye chape poul yo nan prizon sivil Kwa Dèboukè a jodi jedi 25 fevriye 2021 an vè 11:00 nan maten, daprè yon sous polisyè ki konfime egalman ke yo arive poze lapat sou plizyè evade, yon kantite ke otorite yo poko mete deyò.

Nan moman tansyon ak gwo kout zam manman penba sa a, plizyè inite espesyalize nan PNH la, tankou UDMO, SIMO, BOID e latriye mobilize, kadriye e ap chèche tankou chyen fou tout prizonye sa yo ki fofile nan piblik zòn rejyonal Kwa Dèboukè a. Operasyon anwo pa moute ak anba pa desann sa, paralize tout aktivite e mete popilasyon an nan ti soulye’l pou plizyè edtan. Ta sanble ke pigwo chèf gang peyi a ki te anndan prizon an t’a sanble sove daprè temwanyaj plizyè prizonye evade ke fòs lòd yo te arive repeche.

Enfòmasyon yo fè eta de plis pase 6 prizonye evade ki arive mouri deyò prizon an, alòske rimè yo pa sispan espekile sou lanmò responsab sivil prizon Kwa Dèboukè ak divès lòt anplwaye ak prizonye ki t’a fè vwèl nan mitan gwo katchou boumbe sa nan youn nan gwo sant kaseral anndan peyi a.

Comments are closed.