Popilasyon kap viv nan divès zòn metropolitèn Pòtoprèns ap fè fas ak gwo difikilte pou yo jwen dlo pòtab.

853

03-08-2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè santral dlo pòtab ak asenisman (DINEPA) Guytho Édouard fè konnen, popilasyon kap viv nan divès zòn metropolitèn Pòtoprèns lan, ap fè fas kare ak gwo difikilte pou yo jwen yon lòsyè dlo pòtab akòz aksyon gwoup gang yo te komanse fè depi nan mitan semèn ki sot pase a, pou rive jodi vandredi 08 mas 2024 la.

Direktè Guytho Edouard lanse apèl bay gwoup gang yo pou kite yon fenèt louvri pou teknisyen DINEPA yo kapab al fè travay yo, yon fason pou fasilite dlo koule nan robinè lakay abòne yo.

Mesye Édouard deklare chak fwa pou teknisyen yo al fè entèvansyon nan yon zòn, yo oblige negwosye pandan l presize negwosyasyon pa jam fini byen.

Yon lòt kote, direktè santral DINEPA a, Guytho Edouard mande EDH pou bay kouran yon fason pou alimente foraj yo ki kanpe.



Comments are closed.