Seleksyon nasyonal ayisyèn foutbòl anpite a wonfle Etazini 6 – 2.

1,359

10-05-2022

Pandan ke politisyen san vègòn mete tèt ansanm ak entènasyonal la pou kontinye efondre peyi Dayiti, seleksyon nasyonal ayisyèn foutbòl anpite a, pa sispan fè mèvèy; grenadye mobilite redwit yo wonfle ekip anpite peyi Etazini an 6-2 nan 1/8 final.

Antouka, nan moman detrès ayisyen yo, seleksyon anpite a, se inik souf konsolasyon pèp ayisyen an. Ekip la ap byen pase! Li te reyèlman difisil pou ekip Etazini an te reziste anba men butè ki pa manyen anyen ki frèt la, Redondo ki mete ekip amerikèn nan nan plas li ak 4 gòl; alòske 2 lòt gòl yo te fèt avèk konplisite Spinoza ak Saviola. S pa genyen lontan

Anavan, mache pran yo Grenadye! Yon gro kout chapo pou ansyen kapitèn ekip la, Guyard kap fete anivèsè nesans li jodi a

Comments are closed.