4 Kay boule nan 8e Seksyon kominal Pòdpè, Dlo Sale pou vanje asasinay Kerreleine Julien ak 2 pitit li

378

01/14/21

Dlo Sale, Pòdpè_____(TRiboLAND) Popilasyon k ap viv Pòsmetye, 8e seksyon kominal Pòdpè, mete dife nan 4 kay, nan lokalite “Dlo Sale” ak zòn “Nan Boule” an siy pwotestasyon aprè bandi te fin touye madàm Kerreleine Julien ak 2 pitit li ke yo te dekouvri kò yo nan yon falèz nan dat 9 janvye 2021 an.

KASEK Seksyon an, Madàm Honoré Marcelin ki anonse nouvèl la aprè midi 13 janvye 2021 sa a, konfime ke popilasyon zòn nan te mache ak manchèt, baton ak koulin, boule kawoutchou e mete dife nan 4 kay moun ki pwòch Pierre Wandios ke lapolis te arete nan kad ankèt k ap mennen sou dràm 31 desanm pase yo. Yon krim ki endinye anpil moun, kote bandi te rache ak manchèt Madàm Kerreleine Julien 48 lane ansanm ak 2 pitit li yo (Bob Saintil ak Fleuridieu Chisenaïda).

KASEK la denonse tou yon gwoup bandi ki pa sispann tèworize abitan seksyon l ap dirije a. Yo menm rive fouye divès otobis ki soti Jan Rabèl k ap rantre nan kapital ayisyèn nan.

KASEK Honoré Marcelin fini pou mande prezans anpèmamans lapolis nan 8e Seksyon Pòsmetye lokalite Dlosale pou anpeche bandi yo kòmèt lòt Krim sou popilasyon saa k ap dòmi yon je fèmen yon je louvri.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.