1e Me, manifestasyon Tèt Kole Ti Peyizan pou reklame baraj sou Flèv Trois Rivières

432

05/02/2021

Bè Dèmoustik, Pòdpè_____(TRiboLAND) Jounen samdi 1e me 2021 an, se “Fèt Travay” nan lemonn, patikilyèman nan peyi Dayiti. Nan okazyon an, Tèt Kole Ti Peyizan, branch Nòdwès, pou fè pase revandikasyon l, te òganize yon manifestasyon nan 8 èm Seksyon Kominal Pòdpè, lokalite Bè Dèmoustik.

.Manifestan yo te genyen pankat ak branch bwa nan men yo; anba gwo kout tanbou mazenga, yo t ap lanse pawòl pimanbouk kont otorite yo, patikilyèman Jovenel Moïse yo di ki neglije e menm arive detwi agwikilti ayisyèn nan pou fè plas ak pwodui pèpè k ap soti nan peyi etranje.

Peyizan sa yo ki t ap foule beton an e ki te vrèman ankòlè, deklare yo p ap janm bliye dividal pwomès Prezidan defakto a, msye Jovenel Moïse te fè yo nan moman l t ap mennen kanpay elektoral pami yo baraj sou Flèv Trois Rivières.

Jounen jodi a, olye Jovenel Moïse bay popilasyon Nòdwès la dlo Flèv Trois Rivières k ap fasilite yo nan 2 ak 3 mwa yo gen manje nan jaden yo pou yo pran swen fanmi yo,li prefere fè pwomosyon grenn diri k ap soti nan peyi lòt bò dlo, lakay blan an, daprè peyizan plantè sa yo ki t ap depoze nan mikwo TRiboLAND.

Antouka, peyizan sa yo ki di yo bouke ak fason Jovenel Moïse ap mennen bak peyi a, mande pou popilasyon ayisyen nan alawonnbadè kontinye limen flanbo mobilizasyon an jiskaske yo rive deboulonnen rejim Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a nan Palè Nasyonal e se sèl mwayen pou peyi saa, rive rale yon souf san pa genyen yon dràm ki pase’l pandan yon semèn.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.