30 sitwayen Filipinn kouri kite Ayiti pou menas tout kalite

0 393

Manil__(TRiboLAND) 30 sitwayen Filipinn kite Ayiti e retounen lakay yo akoz enstabilite ekonomik ak pwoblèm ensekirite kap bwase bil peyi a, dapwè Anbasad peyi Filipinn ki nan peyi Etazini.

Nan yon twit ke li mete deyò ayè Jedi 16 Janvye 2020 an, anbasad la konfime ke se ofisyèl Manil yo ki fasilite rapatriman 30 sitwayen nasyonal sa yo ki te kite Ayiti a destinasyon Filipinn 14 Janvye 2020.

Anbasad Filipinn nan rapouswiv pou l di, Filipino yo rapatriye se akoz gwo pwoblèm enstabilite, kidnapinn, krim ki kontinye ap vale teren nan peyi Dayiti.

Leave A Reply