Divès òganizasyon politik nan komin Tigwav chita pale pou gade nan ki nivo yo pral kapab lanse flanbo mobilizasyon an.

834

03 – 0 8- 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès pati politik nan komin Tigwav chita pale ansanm jounen vandredi 08 mars 2024 la, nan lide pou wè kòman yo kapab lanse yon jounen manifestasyon pou lendi 11 mas 2024 kap vini la a.

Leader mouvman an, Felisite Salomon Jeune, anonse yon konfèrans deprès pandan week-end nan, swa dimanch 12 mas 2024 kap vini la a, pou kontinye egzije demisyon premye minis ex-defakto Ariel HENRY ak tout akolit li yo nan tèt peyi a, pandan l deklare se DDN li ye, “PM Arièl deyò, li deyò nèt “, daprè chèf defil mouvman an, Felisite Salomon Jeune.

Ala tèt mouvman mobilizasyon an, deklare pral genyen plizyè lòt revandikasyon ki pral ajoute nan meni an, pandan l presize, li pa nòmal toutan se yo kap batay bay nèg Pòtoprens pouvwa, aloske ansanm militan yo toujou rete nan ke kamyonèt la ap rele yogan. Konsa, li rete kwè ke

Comments are closed.