Yon Joseph ranplase yon lòt Joseph nan yon oseyan sechrès enkonpetans : Et Alors!

472

04/14/2021

Pòtpwens______(TRiboLAND) Nan yon tweet ke li fè apwè demisyon ou revokasyon PM Joseph Jouthe la, prezidan defakto a ke manda’l fini depi 7 fevriye 2021 an, Jovenel Moise fè santi ke se yon demisyon ke li t’ap tann tankou tè sèk ki te bezwen lapli.

Konsa, li deklare san anbarasman ke yon parèy “ce n’est qu’un au revoir”, pràl pèmèt asouplisman problèm ensekirite a ak demaraj sistematik diskisyon yo yon fason pou degaje anntant nesesè pou yon estabilite politik ak enstitisyonèl fyàb pou peyi a.

Selon tweet prezidan defakto ayisyen ki t’a sanble kontribye pi plis pase tout lòt pouvwa nan efondreman Ayiti, deja anonse yon lòt “menm man parèy man”; menm plim menm plimay kòm Pwemye Minis a.i., Chanselye ayisyen an, minis Afè Lòt Bò Dlo peyi Dayiti a, Claude Joseph ki pràl yon èm moun kap okipe yon parèy pòs sou pwezidans Jovenel Moise la. Ranplase yon Joseph nan plàs yon lòt Joseph nan yon oseyan sechrès enkonpetans; se lave men swiye atè!

Konsa, yon parèy desizyon pa fè pwèske oken sèktè politik e latriye ni cho, ni frèt. Joseph egal Joseph! “Se ranplase yon Joseph nan plas yon lòt Joseph ki t’ap navige nan dezè ilegalite, kòripsyon, imoralite, vòl, vyòl, masak, kidnapping, krim desan ak finansyè, enkonpetans ak avèk reselè pou efondre peyi a”, dapwè refleksyon Brunel Gayetemps, yon etidyan inivèsite ki deklare se divèsyon pouvwa PHTK a ap fè. Li ajoute, “Ou pa ka senpleman chanje “boulon wouye” plas nan yon machin ki pa gen bon motè; se tout machin nan ki dwe voye jete nan yon kwen, sitou si kalite machin sa ap fè moun kriye nan aksidan chak jou Bondye mete”.

Pi gwo sèvis ke gouvènman defakto Jovenel Moise la te kapab rann popilasyon, se asèpte defèt li e fè konfesyon li nan fason li dirije peyi a avèk dènye lèt “K” PHTK a ki se “Krim ak Kidnapping”, dapwè Sidney, yon ansyen manm PHTK ki asèpte “bon sans” ak “larezon” kòm sovè pèsonèl li.

Enel Richard

Comments are closed.