Ministè Afè Lòt BòDlo peyi Kuba devwale: Etazini ap prepare pou anvayi anbachal Venezwela

333
0
Share:

02-17-2019

KUBA__(Triboland) Lahavann gaye sou dènye pretèks degizman entèvansyon imanitè Govènman Amerikenki tèt koupe ak yon latrye egzèsis militè anbachal nan objèktif pou ta anvahi peyi Venezwela. Ministè Afè Lòt BòDlo peyi Kuba fè eta de plizyè avyon militè Ameriken non-konbatan kap fè leguetè nan plizyè baz militè Ameriken ki loje diferan fòs inite marinn spesyalize kap oryante yo vè plizyè peyi nan Karaib la.

Minis la kontinye pou-l di, jan de fòs inite marinn sa yo konn mobilize sitou nan efektye operasyon anbachal pou jete leader lòt peyi nan zònn nan. Depi 6 Fevrye jiska 10 Fevrye 2019, avyon non-konbatan militè Ameriken yo efektye plizyè vòl parozaj leguetè nan dirèksyon èpòt Raphael Miranda nan Pòtoriko, nan baz aeryen San Isidro nan Repiblik Dominikènn, ak nan kèk lòt zile nan Karaib la.

Ki donk, govènman Kuba a kondane ak tout fòs li tout vye pretèks entèvansyon militè sou kouvèti imanitè pou anvayi repiblik Veneswela. Ministè Kuba a alète kominote entènasyonal la pou kanpe an kwa kont tout fòm enjerans militè nan sa ki gen pou wè ak sa kap pase nan nannan prive peyi Venezwela.

Triboland.com

Share:

Leave a reply