Bandi ak gwo zam nan men yo, boule sou komisarya mache Salomon an nan Pòtopwens epi mete dife nan plizyè machin.

822

03 – 07 – 2024

Pòtoprens, Ayiiti____(TRiboLAND) Bandi debake ak gwo zam nan men yo, boule rapyetè sou komisarya mache Salomon an, epi mete dife nan plizyè machin nan lannwit mèkredi 06 pou louvri jedi maten 07 mas 2024 la nan Pòtopwens.

Toujou nan menm sware a, genyen anpil kout bal ki tire nan prèske tout zòn metropolitèn lan, yon sitiyasyon ki lage gwo kè sote nan mitan popilasyon an.

Evènman sa yo kap devlope nan peyi a, espesyalman nan kapital ayisyèn nan, lakoz tout aktivite yo paralize depi plizyè jou tankou : lekòl, transpò ankomen, komès, ak mache elatriye…pa fonksyone.

Nap siyale, Jimmy Chérisier alias barbecue ki se pòt pawòl mouvman gwoup gang yo, anonse yon operasyon chache minis yo ak direktè jeneral yo nan divès kwen nan kapital ayisyènn nan. Yon sitiyasyon TRiboLAND ap swiv!

Comments are closed.