Yon gwoup ayisyen òganize yon sitting devan otèl kote premye minis ex-defakto Ariel HENRY pran refij li nan peyi Pòtoriko.

806

03 – 07 – 2024


San Juan, Pòtoriko ___(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayen ayisyen nan Pòtoriko, plante pakèt yo jodi jedi 7 mas 2024 la devan otèl Marriott, kote Premye minis ex-defakto Ariel Henry pran refij li depi kèk jou.

Selon pwotestatè yo, yo òganize sitting, se nan lide pou egzije demisyon Ariel ak tout akolit li yo nan tèt peyi a.

Gwoup sitwayen angaje sa yo, ki te ak pankat nan men yo ki make divès revandikasyon pami yo, “mare Ariel”, “demisyon Ariel”, aba ensekirite jeneralize, viv revolisyon. Nan okazyon an, te genyen plizyè Dominiken ki te akonpaye yo nan kad mouvman sa a.

Toutfwa, pwotestatè yo deklare se tout kote bagay ki rele Ariel pase nan dènye jou sa yo, y’ap bat tenèb dèyè manje ranje a. Konsa, li rankontre babpoubab ak yon latriye gwo tèt chaje.

Comments are closed.