Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Pòtopwens lan, vizite prizon sivil Tigwav la.

126
0
Share:
TRiboLAND

10 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND ) Chèf pakè jiridiksyon Pòtopwens lan, mèt Jean Fritz Paterson Dorval, vizite prizonye yo nan prizon sivil Tigwav lan, pandan week end dimanche 25 oktòb 2026 lan. Selon komisè Dorval, vizit sa a, rantre nan kad swivi tranfè prizonnye yo nan prizon Pòtopwens lan. Li presize deja genyen 14 sou 36 detni ki transfere; konsa, rès 22 yo ap transfere nan jou kap vini la yo.

Komisè gouvènman pakè Pòtopwens lan, ki tap repon’n kesyon jounalis nan okazyon an, deklare prizonye yo pral jije san pèdi tan; tout sa ki merite libere, y’ap libere al jwen fanmi yo; sa ki merite kondane, y’ap kondane pou zak lajistis ayisyèn repwoche yo.

Administratè pakè Pòtopwens lan, mèt Peterson Dorval fè konnen, se sou lòd minis jistis la li transfere detni yo nan gran prizon nan kapital la. Nap raple, prizonnye sa yo te transfere nan prizon sivil jiridiksyon Tigwav la depi lè bandi kriminèl yo te kraze pigwo sant kaseral peyi a.

Share:

Leave a reply