Eske se tout bon SDP antre nan yon demach pou ankouraje dwà LGBTQI yo nan peyi Dayiti?

3,763

Otorite ayisyèn sinye yè jedi 28 avril 2022 a, plizyè protokòl akò ak peyi Kanada, patikilyèman youn nan akò yo vize “dwà seksyèl moun nan peyi Dayiti. Akò sa yo ki fèt nan yon kontèks kriz djak sou djak, te jwen benediksyon ak paraf minis Planifikasyon ak Koperasyon eksteryè a, Ricard Pierre.

Akò reselè sa yo denonse karaktè kameleyon opòtunis ansyen senatè Sidès la, ki te toujou ap denonse nati imoral dekrè Jovenel Moise ki te mete anfaz sou dwà seksyèl moun nan peyi Dayiti. Antouka, ou oblije ap poze tèt ou kesyon, ou kwè se reve ke nap reve! Manm Sektè Demokratik Popilè a, asèpte vale sa li pat vle vale sou prezidans Jovenel Moise la.

Kidonk, ta sanble se wout sila entènasyonal la vle mennen Ayiti yon lòt fwà ankò. Yon wout santi kri ak konplisite konze kreyòl atravè finansman yon seri pwojè maske ki pou fasilite destriksyon valè moral pèp ayisyen ke yo pa sispann zonbifye. Konsa, nan yon tweet anbasadè peyi Kanada a mete deyò, gouvènman kanadyen deja pare pou supòte 4 lòt projè ak bay yo jarèt avèk yon montan 20.4 milyon dola blan meriken.

Se tris gouvènman gang Ariel Henry a ki jwen benediksyon SDP, deside vann dwà ak valè moral peyi a pou ti grapiay ou chyen janbe!

Ta sanble, se nan wout nesesite ak efondreman sa, entènasyonal la te vle mennen Ayiti, yon fason pou enpoze lakay yon seri vis ou pwàtik imoral pandan yap fòse dirijan limite ou koupyon ayisyen yo kontante yo ankouraje imoralite, sisinaj, masisi, madivin, abominasyon ak devan dèyè atravè grapiay ki swadizan chita sou entegrasyon fanm.

Enel Richard

Comments are closed.