Madam Paul Jolène, nouvo premye fanm direktris administrasyon kominal meri Jeremi an.

759

03 – 07 – 2924

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Mèt Paul Jolène, Jiris defòmasyon, teknisyènn an enfòmatik, kominikatris sosyal, se nouvo direktris jeneral manm konsèy administrasyon kominal Jeremi an. Li enstale pou kolabore ak diferan chèf sevis, ki konpoze administrasyon kominal Jeremi an, pou delivre bon rezilta.

Prezidant komisyon kominal enterimè Jeremi an, madam Sylmatha Pierre, ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, nan diskou envestiti direktris tou nèf lan, deklare se pou premye fwa, nan listwa meri Jeremi an, genyen yon fanm dyanm, konpetan kòm direktris jeneral, e fè konen administrasyon ke lap dirije a, kwè nan konpetans medam yo pou yon Ayiti demen miyò.

Sete, okazyon egalman pou manm komisyon kominal lan enstale yon ekip teknisyen nan diferan domèn pou administre, sèvis desè a nan vil Jeremi, pandan ke majistra Sylmatha Pierre nan non komisyon an, pwomèt pou modènize ansanm sèvis yo, tankou sèvis desè a ak anviwoman simityè Jeremi an.

Comments are closed.