KAZÈK yo ap plenyen nan Nòdwès: pouvwa Jovenel Moise la woule yo nan farin

211

01/26/21

Eltiné Jean Luckson, KAZÈK


Jan Rabèl_____(TRiboLAND) Nan dènye jou sa yo, kazèk yo atravè depatman Nòdwès la, pa sispann pran mikwo laprès, nan objektif pou montre klèman dezakò yo ak iresponsabilite pouvwa anplas la yo di ki lage yo de bra balanse.

Kowòdonatè KAZÈK 1e seksyon kominal Jan Rabèl, lokalite Lakoma nan depatman Nòdwès la, Msye Eltiné Jean Luckson deklare pouvwa anplas la pa rive fè anyen pou amelyore kondisyon deplorab ou mizerab peyizan seksyon kominal yo. Sitiyasyon sa a lakoz anpil nan Kazèk yo tonbe ap ransone peyizan yo, sètadi fè kòb sou do yo.

KAZÈK la bay Leta responsab fenomèn kòripsyon an nan fason l ap maltrete kolektivite yo ki se grese sere devlopman peyi dayiti. KAZÈK Eltiné fè konnen tou li pat janm pran oserye deklarasyon pouvwa anplas ki ta fè kwè se opozisyon politik la ki anpeche l rezoud pwoblèm seksyon kominal yo ap andire jounen jodi an.

Selon Eltiné, egzekitif la te mare sosis li ak palmantè yo pou soude san pèp la answit pou fini ak peyi a ki se youn nan bagay ki lakoz peyizan seksyon kominal yo nan tout kalte mizè sa yo. Konsa, li estime ke li pa posib pou yon gouvènman pase tout tan saa sou yon pouvwa kote menm yon latrin li pa konstui nan seksyon kominal yo, alewè pou yon Sant Sante.

Kesyone l sou depa chèf leta a, Msye Jovenel Moïse, 7 fevriye 2 21, Eltiné Jean Luckson lage balon an nan pye Manman Lwa peyi a, ki se Konstitisyon an ki se garan tout enstitisyon.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.