Yon dife devanjou ravaje plizyè kay ak pye bwà nan Pòtopwens

344

Pòtopwens______(TRiboLAND) Yon gwo manman penba dife devanjou ravaje plizyè kay ak pye bwà nan zòn Fakilte Dewontoloji nan kapital la maten jodi mèkredi 28 avwil 2021 an.

Plis pase 2 sèvis ponpye t ap fè gwo manèv pou gen kontwòl yon parèy ensandye ki pa t sispan bay gwo payèt e kite panike tout zòn avwazinant lan. Sepandan, otorite yo poko detèmine orijin yon parèy dife.

Menajman dife ou ensandi se youn nan pwoblèm leta peyi a pa fin metrize, sitou lè konsta yo bay nan ki kondisyon ti “bout kouto” swa dizan responsab ponpye yo ak fonksyone menm pou apwovizyònman dlo.

Comments are closed.