Ansyen majistra asese komin Tigwav la, Delor Desgranges denonse konplisite otorite yo li di ki nan konivans ak gang ki lakoz polisye yo ap mouri.

1,219

02-02-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen majistra adjwen komin Tigwav la, Delor Desgranges nan yon entèvyou li akòde jounalis aprèmidi mèkredi 01 fevriye 2023 a, pa manke mo pou denonse konplisite otorite yo nan leta a, li di ki nan konivans ak gang ki lakoz polisye yo ap mouri pa bann e pa pakèt.

Ansyen mè asesè a, Delor Desgranges presize se polisye ki serye ki pa nan zanmitay ak gang kap mouri, paske daprè li polisye sa yo pa dakò ak ensekirite zak kidnapping kap fèt sou popilasyon an.

Eks majistra a, ki deklare fas ak seri deriv kap fèt nan enstitisyon lapolis la, sa lakoz direktè jeneral polis la Frantz Elbé vin genyen yon defisit kapasite pou l dirije, li ankouraje pou genyen yon refòm an pwofondè ki pou fèt nan kò polis la tankou :

1) Depolitizasyon lapolis la
2) Materyèl woulan
3) Elikoptè
4) Zam ak minisyon
5) Vètman, materyèl de pwoteksyon pou kòpolis la.
6) Bon jan lojman pou polisye yo
7) Ogmante salè yo epi peye yo atan elatriye…

Toutfwa, ansyen mè asesè Delors Desgranges, esplike li rekonèt enkapasite ak inefikasite wo komandman lapolis Frantz Elbé a, li kwè se pa chanje direktè kap pote solisyon nan deriv yo, li fè konnen se refòm ak detèminasyon, volonte kap kapab chanje sitiyasyon an.

JOICY Arnold

Comments are closed.