Finiray anplwaye sivil PNH la nan komisarya Tigwav la, James Cétoute alias “Koupe” ap chante jedi 13 dawou nan Katredral Tigwav la.

08 – 11 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Finiray anplwaye sivil PNH nan Gran komisarya Tigwav la, James Cétoute alias “Koupe” ki genyen 43 rekòt ap chante jounen jedi 13 dawou 2026 lan. Nan Katredral Tigwav la a 9 vè nan maten aloske ekspozisyon an pwograme pou fèt vè 8 tè nan maten.
Nap raplew , James Cétoute alias “Koupe” mouri, swit ak yon aksidan sikilasyon nan vil Okay, depatman sid peyi Dayiti touprè Ayewopò Antoine Simon an.






