Dosye jounalis medya anliyn Maurice Vernet alyas Malaba pran yon lòt direksyon.

07 – 29 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Aprè sèvis depatmantal polis jidisyè (SDPJ) nan vil Miragwàn fin tande dosye jounalis medya anliyn, Maurice Vernet alyas Malaba, jounen mèkredi 29 jiyè 2026 lan, dosye a pran yon lòt direksyon.
Pakè jiridiksyon Miragwàn transfere dosye jounalis Vernet a nan kabinè pou enstriksyon, pou detèmine eske lajistis ap voye jounalis medya anliyn lan al jije nan asiz kriminèl san asistans jiri oubyen jij denstriksyon ap bali yon men leve si yo ta jwen li pa koupab? Selon enfòmasyon yo, lajitis nan vil Miragwàn ta repwoche Maurice Vernet fo ekriti ou izaj de fo ak asosyasyon malfektè.
Pou kounye a, pakè jiridiksyon Miragwàn transfere jounalis la nan gran prizon, komin Ansavo toujou nan depatman Nip peyi Dayiti. Li enpòtan pou fè sonje ke Malaba te jwen arestasyon li nan dat lendi 20 jiyè 2026 pase a, akoz li te al enstale tèt li ak yon fo lèt pwason Davril nan men li kòm responsab kominikasyon biwo dwànn nan vil Miragwàn.
Antouka, nan sitiyasyon sa, Malaba, nan entèaksyon avèk yon moun ki te fè tèt li pase kòm pilye nan gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a, arive founi li yon lèt rekòmandasyon Chatgpt, pou enstalasyon nan kominikasyon pou dwàn Miragwàn lan.






