Plizyè sitwayen ayisyen ak jamaiken sove nan lanmè; aloske 5 lòt toujou disparèt

285

09\16\2020

Naso___(TRiboLAND) 5 moun disparèt nan lanmè aprè yon batiman chavire tou pre zòn Chub Cay samdi pase, daprè konfimasyon Royal Bahamas Defense Force (RBDF).

Daprè RBDF, moun ki disparèt yo se sitwayen ayisyen ak jamaiken. Li kontinye pou di ke yo te arive sove 12 moun samdi pase, e jiska prezan yo poko genyen nouvo devlopman sou siyasyon an. Konsa, moun ki te arive sove yo konfime ke genyen ape prè 5 moun ki disparèt.

“Rechèch yo ap rapouswiv e misyon sovgad yo kontinye ap manniganse pou sitwayen ayisyen ak jamaiken yo ke yo rapòte ki disparèt nan lanmè, daprè ajan Royal Bahamas Defense Force Search and Rescue (SAR) ak Squadron Depatments, Royal Bahamas Police Marine Division e the United States Coast Guard,” selon RBDF nan yon kominike.

RBDF konfime ke li te resevwa byen bonè samdi maten yon kominike bò kote Nicholls Town, pòs polis Andros la, enfòmasyon sou yon batiman 27 pye ki tap pran dlo a 9 kilomèt zòn sid Chub Cay nan lil Berry yo.

Comments are closed.