Ensekirite: Yon mach pasifik òganize nan komin Leyogan pou egzije otorite leta yo pran responsablite yo

1120
0
Share:
TRiboLAND

07 -17 – 2024
Leyogan, Ayiti ___(TRiboLAND) Sou inityativ sektè relijye yo, yon mach pasifik òganize nan komin Leyogan, maten mèkredi 17 jiyè 2024 la, nan lide pou pote sipò yo bay moun Gresye ki deplase epi egzije otorite yo nan leta a, asime responsabilite yo, pou rezoud pwoblèm ensekirite a kap ravage peyi a, espesyalman moun nan komin Gresye.

Mach pasifik sila a ki te demare sou plas Anacaona nan Leyogan, te fasilite protestatè pakouri divès ri nan vil la ak wout nasyonal # 2 a, ak pankat nan men yo ki titre plizyè slogan kont Konsèy prezidansyèl tranzisyon (CPT) Conille lan.

Pami slogan sa yo, leta dwe asime responsabilite li, yo pap kouri pou bandi, yo pap mawon, se sèl Leyogan yo genyen pou yo rete, yo pap livre komin nan bay bandi sangwen, kriminèl. Konsa, yo estime ke moman sila pa kapab nan diskou rablabla, se sekirite ki priyorite tout moun. Se bon jan aksyon otorite yo dwe poze!

Nap fè remake, estwikti pastora yo nan Leyogan ki te òganize mach sa a, fè konnen yo jwen sipò lameri, lapolis, sektè prive a, ak òganizasyon debaz yo e popilasyon an.

Share:

Leave a reply