Plizyè 100 tèn elèv Lise Fosten Soulouk Tigwav, manifeste pou reklame pwofesè nan sal klas yo.

95
0
Share:
TRiboLAND

11 – 09 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè santèn elèv Lise Fosten Soulouk Tigwav manifeste jodi lendi 09 novanm 2026 lan. Selon elèv Lise yo, objektif manifestasyon an chita sou se reklamasyon pwofesè nan sal klas yo.

Elèv pwotestatè yo ki te pakouri divès ri nan vil Tigwav ak fèy bwa, pankat nan men yo ki te defini ansanm revandikasyon yo, te pwofite lanse gwo pawòl piman bouk kont minis edikasyon an Vijonet Déméro yo di ki pa respekte pwomès li te fè anseyan yo.

Yo soulinye yon seri fo pwomès krizokal ki pa genyen nannan tankou nominasyon pwofesè, peye yo atan, epi yo reklame 14èm mwa ministè a refize bayo. Elèv yo ki di yo genyen anviwon 3 semèn y’ap moute e desan’n nan Lise a, yo pa jam jwen pwofesè nan sal klas yo. Pwotestatè yo ki fè konnen, y’ap toujou rete nan lari a, e menm knape ankwa pou lòt lekòl pa fonksyone joukaske yo jwen pwofesè nan sal klas yo.

Manifestan yo ki te lanse anpil kout ròch ak boutèy sou plizyè etablisman eskolè nan vil Tigwav; fòse responsab lekòl yo relache etidyan yo avan lè, pami yo lekòl Nòtredam Lasajès alyas “Kay Sè”.

Share:

Leave a reply