Grèv sendika anseyan yo, pou lendi 26 fevrye 2024 lan, toujou kenbe atravè lekòl piblik yo nan depatman Grandans lan.

849

02 – 26 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Malgre chita pale ki te genyen ant direktè lekòl fondamantal piblik yo ki regwoupe manm FENADEFP yo, ak pwofesè yo, sitou lekòl piblik yo, mentni grèv la atravè diferan etablisman eskolè yo.

Selon Kòdonatè depatmantal FENADEFP lan, pwofesè Enock Derosier; fok ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesionèl respekte pwomès li yo anvè pwofesè yo ki se: kat debi, nominasyon pwofesè yo, ogmantasyon salè, fwè fonksyonman, pou n site sa yo sèlman.

Comments are closed.