Alimantasyon: Vizit yon delegasyon PAM nan Jeremi, mete anpil aksan sou tranzisyon sou pwodiksyon nasyonal

1,085

04-15-2023
Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Yon delegasyon pwogram alimanté mondyal (PAM), ki genyen nan tèt li direktè Jean Matin Bauer, akonpaye divès lòt kad tankou madam Shella Grudem, asistant biwo (PAM) nan peyi Dayiti, vizite kèk pami yon santèn lekòl prive e piblik, ki benefisye pwogram yon plat manje cho ki reponn ak tout nòm sanitè yo. Kolèj BERAKA e latriye, se pami yon dividal etablisman konsène ke delegasyon PAM te vizite.

Se te okazyon pou delegasyon pwogram alimantè mondyal la, vizite sant pwodiksyon agrikol lokal (ROPAGA) kap vann pwodwi lokal agrikol, tankou yanm, bannan, pwa, mayi, vyann, diri peyi, legim kap itilize nan ansanm lekòl ki fè pati pwogram lan atravè 14 komin depatman Grandans lan.

Pwogram, sa a ki genyen diferan aspè tankou pwoteksyon sosyal, kantinn skolè, selon direktè Jean Matin Bauer. Li genyen pou dire 5 lane ak yon anvlop 3 milyon dola ameriken sou tèt li, ki vize nan milye skolè yo pou ane 2023 a, apeprè 460.000 elèv nan lekòl yo.

Nap raple, PAM ap sipòte ministè Edikasyon Nasyonal atravè PNCS, ki se program kantinn eskolè.



Comments are closed.