Ansyen Senatè Jean-Baptiste Bien-Aimé denonse enkonpetans ak pasivite dirijan ayisyen yo fas ak fenomèn ensekirite a.

1,115

02-21-2023

Fòlibète, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon deklarasyon li fè nan mikwo laprès pandan patisipasyon’l nan kanaval la, ansyen Senatè Nòdès la Mesye Jean-Baptiste Bien-Aimé manyen java ki gen nan zafè ensekirite nan peyi pa bò isit.

Daprè Mesye Bien-Aimé, fenomèn ensekirite peyi a ap fè fas depiyon bon bout tan, sòti nan mannèv politik sèten lidè grenn senk ki vle kenbe sitiyasyon an nan avantaj oligark kòwonpi yo. Estrikti woule’m de bò sa a, reponn ak yon sistèm ki ranfòse anba sipèvizyon kominote entènasyonal la nan peyi Dyiti.

“Problem ensekirite aktyèl la atravè peyi a, reponn ak yon pwojè politik ki byen òganize depi kèk tan pou ranfòse sistèm ilegalite sosyal la aprè asasina Papa Fondatè a, Ekselans Jean-Jacques Dessalines. Estrikti sa a, ranfòse sistèm kontwòl ou protektora kominote entènasyonal la sou Ayiti”, daprè Mesye Bien-Aimé. Li rete kwè vag ensekirite sa a: se yon zouti kriminèl ki kreye pou anpeche pèp la manifeste pou mande manje, sante, edikasyon, travay, e kriye kont inegalite sosyal ke dirije sankoutcha yo ap promote a. Li kwè tou, pou enpoze sistèm sa a, fòk gen yon pwojè; epi pwojè sa a ki rele “Bandi Legal”, li di ki te kòmanse an 2010 ak arive Michel Joseph Martelly ak tout akolit li yo (Sonson La Familia, Baz Galil, elatriye) nan tèt biznis.

Pou ansyen Senatè Repiblik la, kominote entènasyonal la se youn nan prensipal jwè reselè nan kriz sekirite a nan peyi Dayiti. Li eksplike diferan chimen moun konsène yo swiv pou akouche mal sa a k ap touye e efondre nasyon ayisyènn nan.




Comments are closed.