Kolera LONI an ap vale teren nan Grandans: responsab yo oblije ap miltipliye fòmasyon ak sansibilizasyon

929

11- 17- 2023
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Fas ak ogmantasyon maladi kolera LONI an atravè diferan komin nan depatman Grandans lan, responsab sante yo, òganize jounen vandredi 17 novanm 2023 a, yon jounen fòmasyon, gwo sòlòkòtò sansibilizasyon ak priz anchaj kominotè pou diferan kad pwofesyonèl sante yo.

Direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Angello Duvelson, te akonpanye responsab EMIRA a, doktè Joseph Georges Joassaint, epidemyolijis; nan kad ekpoze l yo pandan seyans yo, li te mete aksan sou enpotans ak nesesite pou pèsonèl sante yo, byen pase mesaj lan nan kominote yo jis pou limite risk ak dega yo kolera LONI an kapab fè. ‎

Comments are closed.