Nan boukantaj kout zam ak lapolis, 4 bandi sangwen Village de Dieu mouri tèt nèg

761

02 – 26 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) nan twoke kònn ak boukantaj kout zam ak lapolis, 4 bandi sangwen Village de Dieu mouri jodi lendi 26 fevriye 2024 la nan Fò Senklè. Fòs lòd PNH yo arive mete dlo nan diven sangwen sila yo, apwè yo tap fè echanj kout zam.

Yon bon pati nan jounen 26 fevriye 2024 la, te kreye anpil van panik nan lokalite say o. Bandi sivil yo te kontinye ap fè zam chante nan objektif pou ekspwime sipò ak solidarite anvè sangwen parèy yo ki te tonbe anba kout zam ajan PNH yo.

Comments are closed.