Lidè Eta Islamik la, Abu Bakr al-Baghdadi ta sanble li mouri nan yon operasyon lame amerikènn nan Nò peyi Siri

0 348

Wachenntonn___(TRiboLAND) Yon sous ofisyèl defans Amerikenn ta sijere ke lidè Eta Islamik lan, Abu Bakr al-Baghdadi ta sanble li mouri apwè yon gwo operasyon lame amerikènn nan fè nan zònn solèy leve peyi Siri ayè Samdi 26 Oktòb 2019 la.

Konfimasyon lanmò al-Baghdadi a rete jiska pwezan enkonplè an atandan ADN ak tès biometrik yo jistifye evidans yo. Selon sous ofisyèl defans lan, lidè Eta Islamik lan ta kamikaze tèt li ak konplisite yon vès swisid pandan operasyon militè Ameriken yo, yon operasyon ki te jwenn bon jan asistans bò kote CIA nan localize tras lidè tèworis la.

Leave A Reply