Nan objektif pou repwann aktivite eskolè yo, direktè depatmantal edikasyon nasyonal Grandans lan, chita ak direktè lekol piblik yo.

907

02 – 26 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sou inityativ direktè depatmantal edikasyon nasyonal Grandans lan, pwofesè Jean Marcel Jeanty, chita pale aprè midi 25 fevrye 2024 lan ak direktè lekol fondamantal piblik yo, ki fè pati FENADEFP ak direktè lekòl piblik yo, ki nan pwogram SUPGO a.

Objektif prensipal lan, se mande pwofesè grevis yo, apati demen Lendi 26 fevrye 2024 lan, pou yo repwann chimen lekòl, yon fason pou timoun yo pa pedi ane akademik lan.

Ansanm pwofesè, direktè grevis yo kap reklame ogmantasyon salè, kat debi, nominasyon anseyan kalifye yo, ak pèyman arye salè, fè konnen yo pap mete pwent pye nan etablisman eskolè piblik yo, tout otan ministè a pa reponn a revandikasyon sa yo. Nou tap site pawòl Kòdonatè FENADEFP lan, pwofesè Enock Derosier.

Comments are closed.