Aksidan sikilasyon nan vil Mafran, 2 jèn gason pèdi lavi yo.

939

08 -13-2023

Mafran, Ayiti____( TRiboLAND) Aksidan sikilasyon, Gilles Donalson, ki te akonpanye Jean ensi koni abò yon motosiklet mouri sou wout Mafran an.

2 jènn gason sila yo rive pèdi lavi yo, nan moman yo tap fè kous ak yon lòt chofè motosiklèt, e yo te al kontre bab pou bab ak yon kamyon ki tap transpòte pwodwi pou manm legliz episkopal yo nan Grandans.

Sou plas, Gilles Donalson mouri anba kamyon an, e lòt viktim lan, Jean, al rann dènye soupi li lopital. Jij depè Mafran an, Bernadin kite akonpaye lapolis, fè konsta, e anpeche manm popilasyon an piye ak boule kamyon an, malgre chofè a te deja mete van nan vwèl li.

Comments are closed.