Nan yon not li rann piblik, FENADEFP bwanch Grandans anonse yon grèv jeneral sou tout depatman Grandans lan.

986

01 – 07 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Pou egzije ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesionèl respekte anseyan ak kad pèsonèl ki fe pati systèm edikatif la nan Grandans, Federasyon nasyonal direktè lekòl fondamantal piblik yo ( FENADEFP) bwanch Grandans, ki genyen kòm Kòdonatè Pwofesè Enock Derosier, anonse apati demen lendi 8 janvye 2024 lan.

Sou tout teritwa Grandans lan, tout direktè lekòl piblik yo,atravè 14 komin depatman Grandans lan, pap prezan nan etablisman piblik eskolè yo yon fason pou bay mouvman grèv la jarèt.

Motif grèv jeneral sila, daprè kòdonatè Enock Derosier, se mande leta relokalize lekòl yo ke bandi kriminèl, san fwa ni lwa te fè elèv yo kouri kite yo ,nan diferan zonn peyi a; nominasyon tout ajan systèm lan; ogmantasyon jiska 200% salè yo; peye yo aryere salè yo; fòmasyon kontini pou premye, dezyèm ak twazyèm sik, ak matyè liv inik ke ministè a ap pale a, sanke yo pa bliye kat debi ak lòt avantaj.

Se konsa, si pwofesè, sendikalis grevis yo nan Grandans pa jwen garanti, yo pap bese lèbwa fwa sa a, fas ak ansanm revandikasyon sa yo.‎

Comments are closed.