Plizyè kontraktyèl ki tap travay nan ACF nan depatman Nòdwès la mande bourad ak la près pou fòse responsab ONG sila peye yo 8 mwa salè yo.

955

02 – 14 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Plizyè ajan ki t ap degaje yo ak yon kontra nan “Action Contre la Faim” (ACF) nan depatman Nòdwès la viktim konplisite gwo palto k ap blanchi lajan nan òganizasyon sila; sa ki lakòz yo pa ka touche 8 mwa travay yo, dapwè enfòmasyon Epnews TV rapòte.

Ajan viktim sa yo tap travay nan zafè nitrisyon kote nan lane 2023 yo ta pral siyen yon kontra ak ACF pou rive desann 2023, sa ki ta pral totalize 6 mwa, men malerezman anviwon 8 mwa deja monte sou tèt kontra a, ajan sa yo toujou ap kontinye woule nan farin.

Pwomèt yap foule beton an nan dat k ap 15 fevriye kap vini la a, divès ajan ki sòti nan plizyè zòn tankou : Pòdpè, Mawotyè, Zile Latòti, Sen-Lwidinò, Pilèt, Paskatabwa, Labe, poun site sa yo sèlman fè konnen yo pap fè bak, paske li pa nòmal pou kòb ap kontinye blanchi nan ACF alòske yo pa ka touche ti kaka aran pa yo a.

Comments are closed.