Wanament: Bishop Gregory Toussaint vizite e pote sipò li bay mouvman kanal Rivyè Masak la

1,018

10-05-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Yon lòt gwo pèsonalite nan kominote eklezyastik la pote sipò tout kalite bay mouvman kanal Rivyè Masak la ki pa sispann ap vale teren. Bishop Grégory Toussaint, youn nan figi pwa lou kominote eklesyastik ayisyèn nan, debake an granmoun ak yon staff djanm, pou bay jarèt ak mouvman kanal sila ki pa sispann rasanble tout kouch ayisyen.

Nan sans sa, Toussaint ekspwime kontantman li pou li te non sèlman vini sou plas, men pou pote sipò ou jarèt finansyè bay komite egzekitif. Toussaint deklare: tout bòs ki mete men nan yon parèy mouvman, se yon prèv ki montre sa nou kapab fè ansanm, e se yon pwemye pa nan jete baz pou yon nouvèl Ayiti. Konsa, tout sa ke chak moun antreprann kòm jalon, ap sèvi demen kòm temwanyaj pou lòt jenerasyon kap vini apwè yo”, dapwè Bishop Grégory Toussaint, ki pa sispann depoze ak ekspwime kontantman li pou yon parèy inisyativ.

Akote yon latriye materyèl ke li te pote, lidè espitityèl la, pwomèt plis ekipman nesesè, selon rekèt komite egzekitif kap evalye travay ou bezwen kanal la.

Comments are closed.